Vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks te ogmante nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, depi 2021 epi y ap itilize l sistematikman pou teyorize kominote yo, ak yon enpak san parèy sou fanm ak tifi, daprè yon rapò Medsen San Fwontyè (MSF) pibliye jodi a. Kriz sa a ap fèt pandan enfrastrikti, sèvis piblik ak kondisyon lavi yo ap deteryore nan mitan vyolans ak ensekirite toupatou.
Rapò MSF la, Vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks nan Pòtoprens, Ayiti, baze sou 10 lane done medikal ak temwayaj nou kolekte nan klinik Pran Men'm MSF la. Depi MSF te louvri klinik sa nan lane 2015, nou bay prèske 17.000 moun swen medikal ak sikososyal konplè, 98 pousan ladan yo se fanm ak tifi.